Ann ale nou tout kretyen

Ann ale nou tout kretyen

Ann ale nou tout kretyen. Youn pa youn oubyen an gwoup
Ann reyini kay Papa nou. Pou adore, selebre
Nan kay sakre a nou rankontre. Pou nou pataje Bòn Nouvèl la
E se chak jou nou dwe kontinye. Viv sa nou te aprann

Nou konnen byen kijan nou tout nou fèb. Se toutan nap kontinye fè peche
Se legliz la lè nou tout ɾasanble. Pou nou mande Bondye padon

Fò nou chita byen tɾankil an silans. Pou nou koute mesaj bòn nouvèl la
Prèch ak kòmantè yo va ede nou plis. Byen konprann pawòl Bondye a

Lè nou fin patisipe nan lamès la. Nou dwe ale viv tout bèl pawòl yo
Nou dwe ale pataje mesaj la. Si nou pa fè sa se wòch yo kap pale

Se pou nou kite pawòl Bondye grandi. Se pou nou kite pawòl Bondye donnen
N a ɾekonèt nap tɾavay tout bon [C7]vre. Lè nap fè tout sa ki bon
Log in or signup to leave a comment

NEXT ARTICLE