Ayiti, m pa ka bliye w

Ayiti, m paka bliye w
Ayiti peyi zantray mwen. Mwen pap janm kapab bliye ou. Malgre nan kondisyon w ye la. Lanmou m debòde pou ou. Rèv mwen se pou jwenn limyè. E menm yon bon GPS, pou w kapab jwenn wout ou dwe suiv. Pou rive nan devlopman an

Mwen sonje nan tan lontan an. Yo te ɾele ou Kiskeya, Ayiti ou Boyo. Non [C7]sa yo te g anpil sans. Men lè kolon [C7]debake, tout bagay te vin chanje

Pou yo te fini ak lesklavaj. Zansèt nou yo te goumen ak blan. Nou te pran endepandans nou. Lemond antye te sezi. Libète, egalite, fratènite tout se deviz nou

Menm apre endepandans lan. Ayiti nan tèt chaje. Se koudeta sou koudeta. Se kout ba toupatou. Enzireksyon [C7]ak ɾevolisyon [C7]tounen pen kotidyen nou

Ayiti gen vandredi sen. Men l poko gen dimanch pak li. Chak viktwa tounen yon [C7]lòt kwa. Yon [C7]pèpetyèl ɾekòmansman. Nou poko jwenn ɾasin mal nou. Alewè pou nou ta ɾezoud yo

Peyi nou gen anpil divizyon. Se yon [C7]peyi koze depaman. Kote sa ki legal pa ɾeyèl, e sa ki ɾeyèl pa legal. Pou Ayiti nou divize. Menm jan n divize pou ɾelijyon

Peyi n tankou yon [C7]panye koule. Kote nap vide dlo anven. Lè nap kòde lòt ap dekòde. Lè nap konstɾui [F]lòt ap detui. Ènmi n yo kapab lòtbò dlo. Men pi gwo ènmi nou se nou menm menm
Log in or signup to leave a comment

NEXT ARTICLE