Men mwen zanmi, kote w ye?

Men mwen zanmi, kote ou

Men mwen zanmi, men mwen, kote ou ye?
Gen lontan map chèche w, mwen pa wè ou
Pouki sa ou kache, pouki sa ou pati?
Kote ou ye, zanmi, kote w ou ye
Gen lontan map chèche w, pou nou ale fete
Kote ou ye zanmi, vin avè m

Men map gade ou an fas mwen
Se kòm si mwen pa wè ou
Tèlman m santi ou gen pwoblèm
Pa kite yo pote w ale

Kote nou ye nan lavi sa a
Li fasil pou n anfouye
Si n pa lite ak pwoblèm yo
Yo kapab pote n ale

Jan bagay yo pa nan plas yo
N oblije ap ɾeflechi
Si n pa fè anpil atansyon
Pwoblèm ka banou tansyon

Si sa k nan tèt nou te nan pye nou
Nou pa ta kapab mache
Fò nou pa ɾete nan lalin
Nou dwe gen pye nou sou tè

Yo di premye so se pa so
Si n tonbe [Am]fò nou leve
Si nou genyen anpil pasyans
N a ɾive wè tɾip foumi

Olye n chita ape kriye
Ann leve ale fete
Bondye pat fè n pou lamizè
Lavi nou kapab pi bèl

Lavi n sou tè sa si tèlman kout
Se pasaje nou tout ye
Pa kite chagren fin touye nou
Annavan, leve mache
Log in or signup to leave a comment

NEXT ARTICLE