Mèsi Bondye
Mèsi, mèsi, mèsi pou tout sa ou fè pou mwen. Mèsi, mèsi, twa fwa mèsi, pou lavi ou banmwen an
Mèsi, mèsi, mèsi, pou kò sa ou fè m kado a. Pou tout mèvèy ou yo, mèsi
Lè m gade kijan kò mwen konplike. Se vrèman yon [C7]chedèv ou kreye
Pou sèvo m, pou zòrèy mwen, je m ak kè mwen. Pou tout lòt pati nan kò a, fò mwen di w mèsi
Lè m wè jan lanati se yon [C7]bèl mèvèy. Kreyasyon [C7]an tèlman pafè, nou pa menm ka fin konprann li
Sa nou wè ak sa n pa wè, se gwo zafè. Pou tout bèl bagay sa yo, fò mwen di w mèsi
Pou tout moun ki met ansanm pou fè sèvis sa a. Yo te fè gwo sakrifis pou l te kapab bèl
Ou te bannou bon [C7]konprann ak lespri koperasyon. Pou tout moun ki fè deplasman, fò nou di w mèsi
Pou lavi m ou konsève, mwen dwe di w mèsi. Pou bon [C7]sante mape jwi. Mwen dwe di ou mèsi
Pou mirak ou fè pou m chak jou. Mwen dwe di ou mèsi. Pou tout frè ak sè k antoure m, fò mwen di ou mèsi