Ann touye estrès

Ann touye estrès anvan estrès touye nou
Lavi se yon travay pou n fè ak de men
Nou pa dwe kite emosyon anvayi n
Se pou n pran responsablite n
Pou nou lite jouskobou
Ann touye estrès anvan estrès touye nou

Lavi pat janmen fasil
Gen pwoblèm sou wout nou
Fò n aprann jere yo byen
Si nou vle avanse

Pwoblèm fanmi, pwoblèm pwochen
Mete ak pwoblèm pa nou
Fè nou pa ka menm souri
Tout sa fè nou mal pri

Tout pwoblèm nan lavi a
Konn fè n pèdi kontwòl
Estɾès, tansyon, sik, kolesrewòl
Fò n ka kontwole yo

Nou dwe mèt pantalon [C7]n nan tay nou
Boukle sentiwon [C7]nou
Ranje kaskèt nou ak bòt nou
Pou n fè tɾavay lavi

Si gen plis moun kap fè byen
Mal pa ka tɾiyonfe
Nou dwe fè byen toupatou
Pou mal ka diminye
Log in or signup to leave a comment

NEXT ARTICLE