Fò n chante

Fò n chante
Fò n chante, o wi fò n chante
Pou tout mèvèy Bondye fè
Fò n rele, o wi, fò n rele
Si n pa vle parèt engra

Lè n gade, tout sa l kreye
Lè n tande, tout sa l konn fè
Lè n konprann, li san limit
Fò n chante, fò n temwaye
Fò n chante

Lè n gade, fèy bwa souke
Lè n tande zwazo chante
Lè n koute, briz van soufle
Fò n chante, fò n temwanye
Fò n temwanye

Li se alfa e omega
Li anlè, atè, toupatou
Pouvwa li pa gen limit
Fò n chante, fò n bat bravo

Pawòl sa pa dwe kache
Li pa kap ɾet anba tab
Nou pa ka pran l pou kont nou
Nou dwe pataje l ak lòt
Pataje l
Log in or signup to leave a comment

NEXT ARTICLE