Lakou Trankil

Si ou vle gran kou elefan
Mete’w piti kankou ti foumi
Si ou vle gouvène lakou sa a
Li gen règ li fò’w obeiy’l
Si tout bon ou vle sa change
Fò ou montre bòn volonte
Ou mande pou dwa’w respekte
Tandis ke ou pa respekte pa’m
Fò’w konn dwa’m koumanse
Kot dwa pa’w fini
E dwa pa’m fini
Kot paw koumanse (la !)

Bridge

Dread nati dread look’s
Nou vle chanjman an
Nou pa vle gè… nou vle lapè
Dread nati dread look’s
Nou vle pou sa chanje
Pou lakou a ka tɾankil

Trankil…
Nou vle lakou a
Trankil….
Fòk lakou a vinn
Trankil

Gad kijan lakou a kraze
dwa moun yo pa ɾespekte
Moralite pa ekziste ankò
Menm Ti moun yo anvi jwe
Ambisiyon [C7]fè nou iniore
Prensip de baz yon [C7]sosyete
Trayzon [C7]fè nou neglige
Prensip granmoun mouri kite
Si tout moun pa deside ansanm
Fini diskòd nan lakou a
Se va yon [C7]devwa pou tout ɾastaman
Pou mete lòd, mete lòd yeh!

Bridge

Dread nati dread look’s
Nou vle chanjman
Nou pa vle gè, nou vle lapè
Dread nati dread look’s
Nou vle pou sa chanje
Pou lakou a ka…

Trankil…
Site Solèy tɾankil
Trankil….
Moun Bèlè
Trankil
Đăng nhập hoặc đăng ký để bình luận

ĐỌC TIẾP