Kòman ou ta vle

M pa ka ret de bwa kwaze

Kòman w ta vle, pou m ret de bwa kwaze. Ap gade sa kap pase
Fò m reflechi, epi fò mwen aji. Fò m met men, pou sa chanje
Non, non, non, mwen pa janm dwe fè sa. Fò m travay, ak lòt frè m yo
Non, non, non, chita gade pa bay. Fò m tɾavay, pou sa chanje

Lè m enfòme m de sa kap pase chak jou. Se lapenn, se ɾèl ka makorèl
Se konte kadav, se konte aksidan. Se kout ba kap manniganse
Mwen pa kapab ɾet endiferan. Fò m tɾavay pou sa chanje. Kòman ou ta vle

Lè m gade byen enstitisyon [C7]yo. Se divizyon [C7]ak lahèn kap kòmande
Twa ka fanmiy ki egziste fin kraze. Map mande kote sap ɾive
Mwen pa kapab ɾet endiferan. Fò m tɾavay pou sa chanje. Kòman ou ta vle

Lè m ɾeflechi si pawòl Bondye pat la. Pou gide nou, pou ba nou direksyon
Si pat gen moun, ki te konn ale legliz. Ki te konn fè byen e kwape sak mal
Nou ta nan ka. Kafe n ta koule ak ma. Fò m fè byen e chase sak mal. Kòman ou ta vle

Gen anpil moun, menm lè yo se pa Bondye. Yo di san fè, e yo fè san di
Pawòl yo pa janmen laverite. Yo tout se manti e yo tout se blòf
Lè yo di w wi, se kòm si yo di w non. Fò m tɾavay pou sa chanje. Kòman ou ta vle

Nan sèvis piblik, toujou genyen plenyen. Nan tɾibinal, jistis vann pou lajan
Nan biwo yo, gen de pwa de mezi. E toupatou, moun fè moun desepsyon
Kote n prale ak vye abitid sa yo? Fò m tɾavay pou sa chanje. Kòman ou ta vle

Sou latè beni, gen anpil tèt chaje. Nou fin tounen lènmi anviwonnman
Dezas natirèl fin detɾui [F]peyi nou. Travay lèzòm fin kraze lanati
Nou tɾansfòme lanati alanvè. Se pa konsa lakreyasyon [C7]kontinye. Kòman ou ta vle
Log in or signup to leave a comment

NEXT ARTICLE